MOUN KI GEN TPS KI SOTI ÈL SALVADÒ, AYITI, NIKARAGWA AK SOUDAN TOUJOU KENBE ESTATI YO

- English -

Kòmanse 1ye mas 2019

Otorizasyon Travay ak estati TPS ap pwolonje otomatikman pou moun ki gen TPS ki soti Èl Salvadò, Ayiti, Nikaragwa ak Soudan jiska 2 janvye 2020.

Jou ki te 1ye mas 2019 la, administrasyon an te anonse yo pral pwolonje pèmisyon travay pou moun ki gen TPS ki soti Èl Salvadò, Ayiti, Soudan ak Nikaragwa yo otomatikman jiska 2 janvye 2020. Yo bay pwoteksyon a moun ki gen TPS nan 4 peyi sa yo ki gen otorizasyon travay ki t ap ekspire san okenn chans pou yo pwolonje l.

DHS te anonse pwolongasyon otorizasyon travay ak estati TPS otomatik sa a epi li te pibliye l sou Rejis Federal pou l konfòme l ak òdonans preliminè tribinal federal la nan dat 3 oktòb 2018 nan plent Ramos te pote kont Sekretè Deta Nielsen lan. Tribinal la te pase lòd pou DHS kontinye bay TPS ak otorizasyon travay pou moun ki gen TPS ki soti nan 4 peyi sa yo. Yo ka menm pwolonje dat ekspirasyon 2 janvye 2020 pidevan nan ka sa a.

Enfòmasyon enpòtan pou moun ki gen TPS ki soti Èl Salvadò, Ayiti, Nikaragwa ak Soudan

1. Moun ki gen TPS ki soti Èl Salvadò, Ayiti, Nikaragwa ak Soudan yo gen otorizasyon travay otomatikman jiska 2 janvye 2020.
 
Moun ki gen TPS ki soti Èl Salvadò, Ayiti, Nikaragwa ak Soudan ki te depoze yon re-enskripsyon pou TPS nan dènye peryòd enskripsyon TPS la gen otorizasyon travay otomatikman jiska 2 janvye 2020. Menm si kat otorizasyon travay ou a montre yon dat avan sa, ou kontinye gen pèmisyon pou travay jiska 2 janvye 2020.
 
2. Ou PA bezwen depoze yon aplikasyon oswa peye yon frè pou pèmisyon travay otomatik la

 
Ou pa bezwen depoze oswa peye pou okenn aplikasyon. Moun ki gen TPS ki soti Èl Salvadò, Ayiti, Nikaragwa ak Soudan yo PA bezwen depoze yon aplikasyon oswa peye yon frè aplikasyon pou gen pèmisyon travay otomatik jiska 2 janvye 2020.

3. Prepare w pou montre patwon w dokiman w si li mande w enfòmasyon sou otorizasyon travay ou
 
Ou ka montre patwon w dokiman Rejis Federal la ki pwouve yo te pwolonje pèmisyon travay ou ak pwolonjman otomatik otorizasyon travay ki valab jiska 2 janvye 2020. Ou ka montre kat pèmisyon travay ou a tou.
 
4. Pale ak reprezantan sendika w la si ou gen youn
 
Si w fè pati yon sendika, pale ak reprezantan sendika w pou ede w reponn a kesyon patwon sou otorizasyon travay ou.
 
5. Mache ak prèv estati TPS ou nan pòch ou
 
Li enpòtan pou w mache ak prèv estati TPS ou. Kenbe yon kopi kat otorizasyon travay ou ak yon kopi Avi sou Rejis Federal la avèk ou. Telechaje yon kopi Avi sou Rejis Federal.
 
6. Chache konnen si w kalifye pou w gen papye imigrasyon w pa yon lòt mwayen.
 
Anpil moun ki gen TPS gen anpil tan depi yo Ozetazini epi yo ka kalifye pou gen papye ak avantaj imigrasyon pa lòt mwayen. Pou wè yon lis pasyèl sou opsyon imigrasyon ki posib yo, itilize lis verifikasyon ki nan iAmerica.org/TPS la epi konsilte yon avoka imigrasyon ki gen bon repitasyon oswa òganizasyon sèvis legal yo. Ou kapab itilize zouti immi an sou entènèt la tou pou w jwenn yon mwayen k ap bon pou ou nan iAmerica.org/immi.
 
7. Konnen Dwa ou yo! Ou gen dwa anba Konstitisyon Etazini an
 
Tout moun nan peyi Etazini gen sèten dwa selon Konstitisyon Etazini an. Vizite seksyon ki rele Know Your Rights  (Konnen Dwa Dwa ou).
 
8. Chache èd legal nan men moun ki bon repitasyon.
 
Chache avoka imigrasyon ak òganizasyon sèvis legal ki gen repitasyon ak konpetans nan iAmerica.org/legalhelp. Evite magouyè k ap pran pòz yo kapab ede ou.
 
9. Aji epi fè yo tande vwa ou!
 
Fè fanmi ou, zanmi ou yo, vwazen ou yo ak kòlèg travay ou yo patisipe nan batay pou pwoteje imigran yo. Mande yo pou yo rele manm Kongrè ou a pou mande yo pwoteje moun ki gen TPS, epi kore efò pou pèmèt moun ki gen TPS  yo rete Ozetazini legalman: 1-888-204-8353
 
Pou jwenn yon kopi Avi sou Rejis Federal la. Pa bliye kenbe yon kopi Avi a avèk ou.

 Download