English

Sonje tout moun Ozetazini, kèlkeswa sitiyasyon yo ak imigrasyon, gen dwa sou Konstitisyon Ameriken an ak lòt lwa. Chèche konnen dwa ou yo si lapolis oswa yon ofisye imigrasyon ak dwàn (ICE) vini sou ou. Li enfòmasyon yo ki anba a pou ede ou konprann dwa ou yo ak sa pou ou fè nan diferan sitiyasyon.

Lyen Rapid:


OU GEN DWA

Tout moun Ozetazini, kit yo sitwayen oswa yo pa sitwayen, gen dwa sou Konstitisyon Ameriken an ak lòt lwa.

  • Ou gen dwa pou refize bay imigrasyon oswa lapolis pèmisyon pou fouye ou, fouye nan machin ou, oswa nan kay ou.  
  • Ou gen dwa pou rete an silans. Si ou vle egzèse dwa sa a, se pou ou di yo sa fò.
  • Si ou pa yon sitwayen ameriken, ou gen dwa pou rele konsila peyi ou. Imigrasyon ak lapolis sipoze kite konsila ou vizite ou oswa pale ak ou.
  • Ou gen dwa pou pale ak yon avoka avan ou reponn nenpòt kesyon. Ou kapab di, “M ap rete an silans jiskaske mwen pale ak yon avoka.”
  • Ou pa bezwen siyen okenn bagay ou pa konprann.
  • Se dwa ou pou yo ba ou yon kopi tout papye imigrasyon ou.

*Dokiman sa a pa konsèy legal.

Telechaje

Retounen anwo


Eksplikasyon sou Pwoteksyon Travayè Imigran

Èske ou nan yon sitiyasyon kote yo vòlè salè w, ou ap travay nan kondisyon ki gen danje oswa nan kondisyon ki pa jis?

Jou ki te 13 janvye 2023 a, Depatman Sekirite Enteryè (Department of Homeland Security, DHS) te pibliye yon rekòmandasyon ki mande pou pwoteje travayè imigran k ap aji epi travay avèk ajans pou travay yo pou konbat konpayi ki responsab move tretman. Pwosede sa a senplifye, epi li disponib pou tout travayè. Men fason li fonksyone:

1) Kontakte reprezantan sendika oswa òganizasyon k ap defann dwa travayè ou a

Ou pa poukont ou. Si w ap travay nan kondisyon ki mete w an danje, si yo te vòlè peman w pou lè siplemantè ou te travay, oswa si y ap ba w presyon pou w pa antre nan sendika nan espas travay ou a– gen anpil lòt toujou! Kontakte responsab ki nan sendika ou a, oswa si w pa gen yon sendika, yon òganizasyon pou travayè, yon òganizasyon k ap defann dwa travayè oswa yon òganizasyon ki pa la pou fè pwofi k ap bay sèvis jiridik, pou ede w lè w ap depoze yon plent, oswa yon akizasyon nan yon ajans pou travay federal, ki nan eta a oswa nan zòn ou a.

Sonje sa, sitiyasyon w ak imigrasyon se yon bagay ki prive. Ou pa dwe divilge l bay okenn ajans.

2) Fè demann èd nan yon ajans pou travay

Ou menm, sendika ou a, òganizasyon k ap defann dwa travayè, oswa reprezantan legal ou a kapab voye yon lèt nan biwo travay federal, ki nan eta a oswa ki nan zòn ou a pou fè demann èd pou pwoteksyon travayè. Ou dwe eksplike nan lèt la bezwen ki genyen pou yo pwoteje travayè ki nan espas travay ou a. Epitou, w ap mande ajans travay la pou li voye yon lèt nan DHS kote l ap mande pou pwoteje tout travayè ki nan espas travay ou a pandan dosye travay ak ankèt la annatant.

3) Ajans pou travay la ekri yon lèt sipò

Ajans pou travay la ap voye yon lèt sipò. Nan lèt la, l ap mande DHS pou li bay travayè yo pwoteksyon nan kesyon imigrasyon nan espas travay kote vyolasyon nan travay la te fèt pandan yon tan espesifik.

4) Pou depoze yon demann

Travay avèk yon avoka nan kesyon imigrasyon pou depoze yon demann nan DHS pou w jwenn otorizasyon travay ak pwoteksyon kont depòtasyon (aksyon difere) pandan de (2) lane. Li enpòtan pou w pale avèk yon avoka nan kesyon imigrasyon pou asire w ou p ap mete tèt ou oswa fanmi w an danje. Y ap mande w pou rasanble dokiman ki pwouve idantite ak nasyonalite w, verifikasyon pou travay, ak antesedan w avèk imigrasyon.

Fè atansyon ak notè oswa magouyè ak avoka nan imigrasyon ki gen move entansyon. Jwenn yon pwofesyonèl ki ofri sèvis imigrasyon ou kapab fè konfyans ki tou prè w sou iAmerica.org/legalhelp

5) Jwenn yon pwoteksyon tanporè kont depòtasyon ak otorizasyon pou travay

Yo kapab trete yon demann aksyon difere ak pèmi travay nan kèk mwa. L ap valid pandan de (2) lane epi ou kapab kalifye pou renouvle l pandan dosye travay la annatant.

Kounye a ou fè pati yon mouvman alye k ap grandi, yon sendika travay, ofisyèl yo vote, ak anpil travayè ki gen anpil kouraj tankou w, k ap goumen pou jwenn salè ki jis ak yon espas travay ki san danje pou tout travayè. Kontinye goumen epi sonje, kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon w, OU GEN DWA!

Telechaje

Retounen anwo


KONNEN DWA OU YO: SA POU OU FÈ SI IMIGRASYON OSWA LAPOLIS FRAPE PÒT OU

KANPE EPI REFLECHI BYEN LÈ YON MOUN VIN FRAPE PÒT OU Nòmalman ou pa oblije ouvri pòt kay ou bay pèsonn. Imigrasyon ak lapolis pa ka antre lakay ou san yo pa gen yon manda yon jij te siyen.

PIGA OU RACHE YON MO Ou gen dwa pou rete an silans. Imigrasyon kapab itilize nenpòt sa ou di kont ou.

RETE TÈT FRÈT EPI PA KOURI Itilize telefòn ou pou pran foto ak nòt sou sa k ap pase a, men poze epi pa kouri.

MANDE POU W PALE AK YON AVOKA EPI REFLECHI BYEN AVAN OU SIYEN NENPÒT PAPYE Piga ou siyen fòm ou pa konprann, oswa sa ou pa vle siyen. Yon avoka ki konnen lwa konsènan depòtasyon kapab ede ou defann ka ou a.

Telechaje

Retounen anwo


KONNEN DWA OU YO: SA POU OU FÈ SI IMIGRASYON OSWA LAPOLIS KANPE OU PANDAN W AP KONDWI MACHIN OU

PIGA OU RACHE YON MO Montre polis la lisans ou. Si li mande ou papye anrejistreman machin ou ak prèv asirans ou, montre yo. Men ou toujou gen dwa pou rete an silans sou tout lòt bagay. Imigrasyon kapab itilize nenpòt sa ou di kont ou. Ou gen dwa pou refize bay pèmisyon pou fouye ou oswa machin ou.

RETE TÈT FRÈT EPI PA KOURI Itilize telefòn ou pou pran foto ak nòt sou sa k ap pase a, men poze epi pa kouri.

MANDE POU W PALE AK YON AVOKA EPI REFLECHI BYEN AVAN OU SIYEN NENPÒT PAPYE Piga ou siyen fòm ou pa konprann, oswa sa ou pa vle siyen. Ou gen dwa pou pale ak yon avoka.

ASISTANS LEGAL iAmerica gen yon lis sèvis kote ki ofri sèvis legal si ou bezwen yon avoka

Telechaje

Retounen anwo


KONNEN DWA OU YO: SA POU OU FÈ SI IMIGRASYON OSWA LAPOLIS KANPE OU NAN LARI

PIGA OU RACHE YON MO Si yo mande ou non ou, fòk ou bay li. Men ou toujou gen dwa pou rete an silans sou tout lòt bagay. Imigrasyon kapab itilize nenpòt sa ou di kont ou.

RETE TÈT FRÈT EPI PA KOURI Itilize telefòn ou pou pran foto ak nòt sou sa k ap pase a, men poze epi pa kouri.

MANDE POU W PALE AK YON AVOKA EPI REFLECHI BYEN AVAN OU SIYEN NENPÒT PAPYE Piga ou siyen fòm ou pa konprann, oswa sa ou pa vle siyen. Ou gen dwa pou pale ak yon avoka.

ASISTANS LEGAL iAmerica gen yon lis sèvis kote ki ofri sèvis legal si ou bezwen yon avoka

Telechaje

Retounen anwo


KONNEN KI DWA OU GENYEN: KI SA A POU W FÈ SI YON AJAN IMIGRASYON VINI KOTE W TRAVAIL

PA KOURI Rete trankil.  Pa kouri, Si w kouri, yo kapab panse ou koupab.

PA PÒTE FO DOKIMAN SOU W Si w bay yon ajan ICE yon fo dokiman, yo kapab depòte w oubyen akize w devan yon tribinal.

PA DERANJE YON AJAN ICE Si w deranje yon ajan ICE pandan y ap desann yon kote moun ap travay, yo ka akize w devan yon tribinal.

PA SIYEN ANYAN KE OU PA VLE SIYEN OUBYEN KE OU PA KONPRANN. Fò w reflechi avan w siyen yon papye san w pa pale a yon avoka,  Petèt papye ou siyen a vle di ke ou dakò pou kite etazini.  Pou w pi byen pwoteje dwa ou yo, pale ak yon avoka avan w siyen nempôt papye.

OU GEN DWA PA PALE. Konstitisyon pèyi a di ke ou pa oblije pale ni reponn pyès kesyon.  Si w pa vle pale, ou mèt montre ajan ICE la kat “Konnen ki dwa ou genyen”  (Know your Rights)

NIMEWO TELEFÒN ENPOTÀN, SE POU W MACHE AVÈ YO Toujou mache ak nimewo telefòn sendika ou a epi ak nimewo telefòm ajans ki ba w sèvis legal.

Telechaje

Retounen anwo


KONNEN DWA OU YO: SA POU OU FÈ SI YO ARETE OU

PIGA OU RACHE YON MO Ou gen dwa pou rete an silans. Imigrasyon kapab itilize nenpòt sa ou di kont ou.

RETE TÈT FRÈT EPI PA KOURI Itilize telefòn ou pou pran foto ak nòt sou sa k ap pase a, men poze epi pa kouri.

MANDE POU W PALE AK YON AVOKA EPI REFLECHI BYEN AVAN OU SIYEN NENPÒT PAPYE Piga ou siyen fòm ou pa konprann, oswa sa ou pa vle siyen. Ou gen dwa pou pale ak yon avoka.

ASISTANS LEGAL iAmerica gen yon lis sèvis kote ki ofri sèvis legal si ou bezwen yon avoka

Telechaje

Retounen anwo


KONNEN DWA OU YO: SA POU OU FÈ SI OU NAN PRIZON

PIGA OU RACHE YON MO Ou gen dwa pou rete an silans, epi ou gen dwa pou pale ak yon defansè piblik. Yo kapab itilize enfòmasyon sou sitiyasyon ou ak imigrasyon kont ou nan ka kriminèl oswa imigrasyon ou.

MANDE POU W PALE AK YON AVOKA Sonje pou w pale ak defansè piblik ou a avan ou reponn nenpòt kesyon yon polis oswa ajan imigrasyon.

REFLECHI BYEN AVAN OU SIYEN NENPÒT PAPYE Piga ou siyen fòm ou pa konprann, oswa sa ou pa vle siyen. Ou gen dwa pou pale ak yon avoka.

ASISTANS LEGAL iAmerica gen yon lis sèvis kote ki ofri sèvis legal si ou bezwen yon avoka

Telechaje

Retounen anwo


Ou kapab anrejistre kat “konnen dwa ou yo” sou telefòn ou

Kat sa yo kapab ede ou si imigrasyon oswa lapolis vini lakay ou oswa poze ou kesyon. Kat sa yo pral di imigrasyon oswa lapolis w ap egzèse dwa konstitisyonèl ou.

Mwen pa vle pale ak ou, ni reponn kesyon ou yo.  M ap egzèse dwa konstitisyonèl mwen sou 5èm Amandman Konstitisyon Ameriken an pou mwen rete an silans.

Mwen vle pale ak yon avoka avan mwen reponn nenpòt nan kesyon ou yo.

Mwen pa ba ou pèmisyon pou antre lakay mwen.

Telechaje

Retounen anwo


Ou kapab enprime kat “konnen dwa ou yo” epi mache ak yo

Enprime kat sa yo epi dekoupe yo. Mache ak kat sa yo. Kat sa yo kapab ede ou si imigrasyon oswa lapolis vini lakay ou oswa poze ou kesyon. Kat sa yo pral di imigrasyon oswa lapolis w ap egzèse dwa konstitisyonèl ou. Ou kapab pataje kat sa yo avèk fanmi ak zanmi.

Telechaje

Retounen anwo


KONNEN KI DWA OU GENYEN: MWEN SE YON SITWOYEN AMERIKEN. SA POU M FÈ SI ICE ENTEROJE M, OUBYEN SI L KENBE M, OUBYEN SÍ L ARETE M?

ESKE ICE GEN DWA KENBE YON SITWAYEN AMERIKEN BAZE SOU STATI IMIGRASYON?

NON.  Lalwa ak regleman imigrasyon pa valb pou moun ki sitwayen.  Se sèlman moun ki pa sitwayen ke ICE kapab depòte.

  • Si yon ajan ICE ta entewoje, oubyen kenbe, oubyen arete yon sitwayen poutè ras ll a, se yon violasyon katrie1m epi senkyèm amandeman konstitisyon nasyonal la.
  • Di ajan ICE la ke ou se yon sitwayen ameriken epi poutèt sa a yo pa gen dwa kenbe w oubyen arete w.
  • Di yo ou bezwen pale ak avoka w a.  Ou gen dwa pale ak avoka w a.
  • Mande ajan ICE la ki jan l rele epi nimewo idantite li a.  Sere enfòmasyon sa a yon kote pou pa pèdi l..
  • Si yo ta entewoje w, oubyen kenbe w, oubyen arete w, pale ak yon avoka.  SI oswa ICE oswa la polis ki ede yo entewoje, obyen kenbe, oubyen arete w yon moun san yo pa gen dwa fè l, yo kapab oblije peye yon amann oubyen yon rekonpans ba sitwayen an.

Telechaje

Retounen anwo