ENGLISH

22 me 2017, Sekretè Sekirite Nasyonal (Homeland Security), Sekretè Kelly, te anonse yon pwolongasyon 6 mwa nan Estati Pwoteksyon Tanporè (Temporary Protected Status, TPS), jiska 22 janvye 2018. Sa vle di plis pase 50,000 ayisyen kapab aplike pou pèmisiyon pou kontinye travay ak viv Ozetazini jiska 22 janvye 2018. Desizyon sa a se yon viktwa pou ayisyen ak tout ameriken - menm si li pa ase. Jeneralman yo bay TPS pou 18 mwa alafwa. Batay pou pwolonje TPS la apre 22 janvye 2018 pral kontinye.

Si ou gen nenpòt kesyon sou pwosesis pou aplike pou yon pwolongasyon pou TPS ak pèmisyon pou travay, l ap enpòtan pou ou konsilte ak yon kote ki ofri sèvis jiridik ki gen yon bon repitasyon byen vit. iAmerica gen yon lis kote ki ofri sèvis legal. Asire w ou jwenn yon kote ki ofri sèvis legal ou ka fè konfyans. Ale sou iAmerica.org/LegalHelp pou jwenn yon lis kote ki ofri sèvis legal nan zon ou.

Lyen rapid:


KESYON AK REPONS: PWOLONGASYON 6 MWA TPS POU AYISYEN

(Èske w se yon rezidan Vil New York? Klike la a.)

Kijan mwen kapab fè pou mwen pwolonje TPS mwen ak pèmi travay mwen?
Si ou gen TPS ak yon kat otorizasyon travay ki ekspire 22 jiyè 2017, ou kapab aplike pou ou pwolonje TPS ou ak pèmi travay ou pou yon lòt 6 mwa. Pou w kapab resevwa pèmisyon pou travay pou peryòd 6 mwa a, ou dwe ranpli 2 fòm separe. Yon fòm, I-821, se pou pwolonje TPS ou a. Lòt fòm nan, I-765, se pou pwolonje otorizasyon travay ou a. Ou dwe depoze toulède fòm sa yo si ou vle pwolonje pèmi travay ou.
 
Konbyen li koute pou mwen pwolonje TPS ak pèmi pou travay la?
Ou p ap peye senk kòb pou pwolonje TPS. Pri pou fe anprent ou se $85. Pri demann nan pou renouvle otorizasyon travay ou se $410.

Èske mwen kapab mande pou mwen pa peye pri sa yo?
Kèk moun kalifye pou yo pa peye pri ki nesesè a. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou kimoun ki kalifye pou pa peye pri a nan sitwèb Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (United States Citizenship and Immigration Services, USCIS): www.uscis.gov/feewaiver

Èske l ap pran plis tan pou mwen resevwa yon resi si mwen mande pou mwen pa peye?
Wi, li gendwa pran plis tan pou resevwa yon resi pou aplikasyon TPS ak pèmisyon pou travay ou si ou mande pou ou pa peye.

Èske mwen kapab aplike pou mwen pwolonje TPS ak pèmi travay mwen?
Ou dwe ranpli aplikasyon pou TPS ak otorizasyon travay ou ant 24 me 2017 ak 22 jiyè 2017. Li vrèman enpòtan pou ou ranpli aplikasyon sa yo byen vit pou w ka kontinye travay apre 22 jiyè 2017.

Poukisa mwen bezwen ranpli aplikasyon pou TPS ak pèmi travay mwen byen vit?
Si ou vle kontinye travay apre 22 jiyè 2017, ou dwe montre travay ou yon resi aplikasyon otorizasyon travay ou avan 23 jiyè 2017. Li kapab pran plizyè semèn pou resevwa resi a apre ou ranpli aplikasyon ou yo. L ap enpòtan pou ou ranpli aplikasyon pou TPS ak pèmi travay ou byen vit pou ou kapab resevwa resi a nan men USCIS avan 22 jiyè 2017.

Èske gen yon pwolongasyon otomatik pou pèmi travay?
Pwosesis pwolongasyon otomatik la diferan ak pwosesis pou moun ki te gen TPS avan. Nan dènye pwolongasyon TPS pou ayisyen an, tout ayisyen ki te resevwa otorizasyon pou travay te gen dwa pou jwenn pèmisyon travay pou 6 mwa otomatikman. Kounye a, pwolongasyon otomatik pèmisyon pou travay la se sèlman apre ou fin resevwa yon resi pou aplikasyon otorizasyon travay ou a. Apresa pèmisyon ou pou travay pral pwolonje otomatikman pou 180 jou. Lè ou resevwa resi pou aplikasyon otorizasyon travay ou a, ou kapab montre travay ou resi a ak kat pèmi travay ou genyen kounye a. De (2) dokiman sa yo pral pwouve ou gen otorizsayon otomatikman pou travay pou 180 jou.

Kilè m ap kapab jwenn enfòmasyon sou pwolongasyon TPS ak pèmi travay la?
Depatman Sekirite nasyonal (Department of Homeland Security) te pibliye yon Avi nan Rejis Federal la 24 me 2017 ak enfòmasyon konsènan pwolongasyon TPS pou ayisyen a. Li te genyen enfòmasyon tankou ki dokiman ou bezwen montre travay ou pou pwouve ou gen pèmisyon pou travay anba TPS. W ap jwenn yon kopi Avi Rejis Federal sou pwolongasyon TPS pou ayisyen nan la a: www.gpo.gov/fdsys/pkg/FR-2017-05-24/pdf/2017-10749.pdf

Ki dokiman m ap bezwen pou ranpli aplikasyon pou pwolongasyon TPS mwen?
W ap bezwen mete prèv idatite ak nasyonalite ou, date ou te antre Ozetazini, kote ou te rete Ozetazini depi 12 janvye 2011, ak prezans fizik ou Ozetazini depi 23 jen 2011.

Ki dokiman mwen kapab itilize pou montre idantite ak nasyonalite mwen?

  • Kopi Paspò
  • Kopi Batistè (ak tradiksyon) ak yon Pyès Idantite ak Foto sou li
  • Kat Idantite Nasyonal ak Foto ak/oswa anprent

Ki dokiman mwen kapab itilize pou montre dat mwen te antre ak prezans fizik mwen Ozetazini?

  • Kopi Paspò
  • I-94 Dosye Arive/Depa
  • Kopi dokiman ki montre ou toujou rete Ozetazini

Ki dokiman mwen kapab itilize pou montre rezidans mwen Ozetazini?

  • Dosye sendika oswa travay
  • Resi lwaye, bòdwo pou sèvis piblik, etc..
  • Dosye lekòl nan lekòl pitit ou frekante oswa te frekante
  • Dosye lopital oswa medikal
  • Deklarasyon legliz oswa òganizasyon kominotè

Èske mwen kapab aplike jis pou yon pwolongasyon TPS epi pa aplike pou pèmi travay?
Wi. Ou kapab aplike jis pou yon pwolongasyon TPS. Pou fè sa ranpli fòm I-821, pri pou fè anprent lan se $85, ak dokiman ki sipote aplikasyon ou. Li enpòtan pou ou pwolonje estati TPS ou pou w ka kontiye gen pèmisyon pou rete Ozetazini.

Èske mwen kapab aplike pou lòt kalite estati imigrasyon apre mwen aplike pou pwolongasyon TPS mwen an?
Wi. Anpil ayisyen kalifye pou lòt kalite estati ak avantaj imigrasyon. Si ou vle chèche konnen si ou kalifye pou lòt kalite estati imigrasyon pandan peryòd pwolongasyon TPS la, l ap enpòtan pou ou chèche asistans yon kote ki ofri sèvis legal ki gen yon bon repitasyon. iAmerica gen yon lis kote ki ofri sèvis legal. Ale sou iAmerica.org/LegalHelp pou jwenn yon lis kote ki ofri sèvis legal nan zon ou.

Kijan m ap fè konnen si mwen kalifye pou lòt kalite estati imigrasyon?
Pou gen yon ide jeneral sou kèk kondsyon pou lòt kalite avantaj imigrasyon, itilize lis verifikasyon sa a pou konnen kondisyon pou kalifye pou diferen kalite estati imigrasyon. Lis sa a pa konplè epi l ap enpòtan pou ou tcheke yon kote ki ofri sèvis legal ki gen yon bon repitasyon pou ou aprann si ou kalifye pou yon lòt kalite estati imigrasyon.

Èske gen yon dat limit pou aplike pou lòt kalite estati imigrasyon?
Li vrèman enpòtan pou ou aplike pou yon lòt kalite estati imigrasyon byen vit. Si ou pwolonje TPS ou, w ap "gen estati" jiska 22 janvye 2018. Nan anpil ka, lè ou nan "bon estati" sa pral ede ou lè ou aplike pou yon lòt kalite estati imigrasyon.

Pa bliye, si ou ranpli yon aplikasyon pou yon pwolongasyon TPS oswa otorizasyon travay ou kounye a, sa pral pèmèt ou pwofite nan lòt avantaj imigrasyon pi devan ak fè ou kapab kontinye ranpli aplikasyon pou pwolongasyon TPS pi devan.

 Telechaje

RESOUS POU NEW YORK MOUN KI ABITE VIL:

Retounen anwo


LIS OPSYON AYISYEN GENYEN AK IMIGRASYON

Lis verifikasyon se yon lis ak yon pati opsyon ak imigrasyon posib. Ou kapab kalifye pou avantaj imigrasyon ki pral pèmèt ou rete Ozetazini. Telechaje lis verifikasyon sa a, tcheke tout bwat ki gen pou wè ak ou epi apesa kontakte yon kote ki ofri sèvis jiridik.  

Telechaje

Retounen anwo