English

Kesyon moun Poze Souvan: Aplike pou Sitwayènte Ameriken

 

LYEN RAPID


KALIFIKASYON AK EGZIJANS

 

KESYON: Èske mwen kalifye poum vin yon sitwayen ameriken?

 

Pou w kalifye pou sitwayènte ameriken:

  • Ou dwe gen 18 ane oswa plis;
  • Ou dwe yon rezidan pèmanan legal (ki gen kat rezidans) pandan omwen 5 ane sof si w ranpli kèk kondisyon sèvis militè aktif OSWA si w marye ak yon sitwayen ameriken ki jwenn sitwayènte a pandan 3 ane oswa plis ak si ou se yon rezidan pèmanan legal pandan omwen 3 ane;
  • Ou te dwe prezan fizikman Ozetazini pandan 30 mwa nan 5 ane ki sot pase yo OSWA si w marye epi w ap viv ak yon mari/madanm ki sitwayen ameriken pandan 3 ane, ou te dwe prezan fizikman Ozetazini pandan 18 mwa nan 3 ane ki sot pase yo. Remak: Si ou se yon manb militè aktif, ou pa oblije ranpli kondisyon sa.
  • Ou dwe gen yon rezidans ki poko ekspire USCIS ap bezwen konnen si ou t ap viv fizikman Ozetazini pandan yon kantite tan youn apre lòt. Ou dwe demontre ke ou PA te vwayaje andeyò Etazini pandan YON ANE oswa PLIS nan 5 ane oswa 3 ane ki sot pase yo (si ou marye ak yon sitwayen ameriken). Si ou te andeyò Etazini pandan 6 mwa jiska yon ane, ap gen yon sipozisyon ke ou pa gen rezidans ki poko ekspire. Yo ka retire sipozisyon sa lè w montre kèk bagay ki gen rapò ak Etazini pandan tan sa ou te pase andeyò Etazini an. Remak: Si ou se yon manb militè aktif, ou pa oblije ranpli kondisyon sa. 

KESYON: Mwen te kite Etazini pandan plis pase yon ane nan senk ane ki sot pase la yo paske mwen te oblije al pran swen manman m ki te malad. Èske mwen ka toujou aplike pou natiralizasyon?

Ou p ap kapab aplike pou sitwayènte ameriken kounya. Ou ta dwe konsilte tou yon avoka pou asire ke vwayaj yon ane w la p ap poze pwoblèm konsènan si ou te abandone rezidans ou.

 

KESYON: Èske mwen ka aplike pou natiralizasyon anvan mwen te gen "kat rezidans" mwen an pandan 5 ane?

Wi, ou kapab aplike pou natiralizasyon 90 jou anvan ou gen kat rezidans ou pandan 5 ane oswa 3 ane si ou marye ak yon sitwayen ameriken.

 

KESYON: M ap resevwa èd piblik. Èske mwen pa kalifye pou natiralizasyon?

Règ responsablite piblik la pa aplike nan pwosesis natiralizasyon an. Toutotan ou te resevwa avantaj piblik nan yon fason legal (san ou pa fè fwod, pa egzanp), sa p ap deranje oswa afekte kalifikasyon ou pou natiralizasyon.

 

KESYON: Pitit gason m nan gen 15 an epi li se rezidan pèmanan depi 3 zan. Papa l se yon sitwayen ameriken. Ki jan li ka jwenn sitwayènte Ameriken?

Pitit gason w lan te kapab deja yon sitwayen ameriken paske gen kèk moun ki kapab vin sitwayen otomatikman si youn oswa toude (2) paran yo se sitwayen.  Ou ta dwe konsilte yon avoka imigrasyon oswa yon pwofesyonèl sèvis legal ki gen bon repitasyon pou konfime sa, paske sa depann de plizyè bagay, tankou si timoun nan ap viv ak paran ki sitwayen ameriken an.

 

KESYON: Mwen marye ak yon sitwayen ameriken. Yo te bay mwen yon kat rezidans pèmanan kondisyonèl pou 2 ane apre mwen te soumèt fòm pou retire kondisyon yo pou m jwenn kat rezidans pèmanan 10 an. Kilè mwen kalifye pou m aplike pou sitwayènte ameriken?

Ou kapab aplike pou sitwayènte 3 ane apre ou fin jwenn rezidans kondisyonèl, menm si Aplikasyon pou retire Kondisyon yo (I-751) toujou annatant, toutotan ou toujou marye epi w ap viv ak mari /madanm ou ki sitwayen ameriken an.

 

KESYON: Mwen soti nan yon fanmi ki nan sitiyasyon imigrasyon melanje. Mwen gen DACA, papa m gen TPS epi manman m pa gen papye. Èske nou ka aplike pou sitwayènte ameriken?

Ou ta dwe gade si w kalifye pou Rezidans Pèmanan Legal (Lawful Permanent Residency). Ou pa kapab aplike dirèkteman pou sitwayènte ameriken ak DACA oswa TPS poukont ou. Sepandan, gen moun ki pa gen papye, oswa ki gen DACA oswa TPS, ki ka kalifye pou rezidans pèmanan. Ou ta dwe konsilte yon avoka imigrasyon ki gen bon repitasyon oswa itilize Zouti seleksyon imigrasyon sou entènèt pou wè si gen posiblite pou rezidans pèmanan pou ou ak fanmi ou.

 


EGZANSYON PRI AK FRÈ 

 

KESYON: Konbyen kòb sa koute pou aplike pou sitwayènte ameriken?

Pri aplikasyon an se $725. Total sa gen ladan $640 pou frè aplikasyon an ak $85 pou byometrik.

 

KESYON: Konbyen Kòb aplikasyon pou granmoun ki gen anpil laj yo ye?

Moun ki gen plis pase 75 ane ap sèlman bezwen peye frè aplikasyon an  $640 (se pa frè biyometri a).

 

KESYON: Ki moun ki fikse pri natiralizasyon an? Li sanble ap kontinye ogmante, epi anpil nan nou pa kapab peye li.

Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (The U.S. Citizenship and Immigration Services, USCIS) ki fikse pri sa yo. Yo detèmine pri a sou baz kantite kòb li koute yo pou ofri sèvis sa Pou moun ki pa ka peye yo, ou ka mande yon egzansyon frè. Fòm I-912, Demann pou Egzanpsyon Frè

 


PWOSESIS AK TAN

 

KESYON: Konbyen tan lap pran ant lè pou soumèt Fòm N-400 an ak lè pou prete sèman an?

Sa depann de kote w ap viv la. Nan Colorado, pa egzanp, tan pwosesis aplikasyon sitwayènte a se 9 rive 16 mwa, men dènyèman li te pran kèk mwa, epi menm mwens nan kèk ka. Ou kapab verifye kantite tan yo estime pou aplikasyon an nan zòn ou an sou sitwèb USCIS la.

 

KESYON: Ki sa sèvis byometrik yo ye?

Sèvis byometrik USCIS yo se pou pran anprent ak foto. Yo fè sa nan yon lòt biwo apa.

 


TÈS

 

KESYON: Kisa mwen ta dwe atann nan entèvyou natiralizasyon mwen an, epi ki jan mwen ka prepare pi byen pou li?

 

W ap bezwen ale nan randevou entèvyou w la nan biwo lokal USCIS la, pase kote sekirite yo, epi montre lèt randevou w ak pyès IDantite w. Ofisye USCIS yo pral kòmanse evalye kapasite w pou pale anglè depi lè yo rele w nan sal datant la.

 

Imedyatman ofisye USCIS la rele w, y ap mennen w nan yon chanm epi y ap fèw sèmante. Apre sa ofisye a pral kòmanse poze ou kesyon Ofisye USCIS la pral poze w tout kesyon nan Fòm N-400 ki an Anglè a, epi ou dwe reponn kesyon yo an Anglè. Pa bliye dwe genyen koyerans ant repons ou yo ak repons ou ki nan aplikasyon N-400 an ak kapasite w pou konprann angle. Yo pral tèste tou kapasite w pou li ak ekri anglè debaz. Epitou, yo pral poze w kesyon sou istwa Etazini ak kesyon sivik. Si w pa konprann oswa tande kesyon yo byen, toujou mande ofisye a pou l repete kesyon an.

 

KESYON: Kisa k ap pase si mwen echwe nan yon pati nan tès natiralizasyon an?

 

Ou dwe reponn kòrèkteman sis (6) kesyon sou dis (10), nan yon lis ki gen 100 kesyon. Yo bay moun k ap aplike yo de (2) opòtinite pou pran tès natiralizasyon an. Si w echwe nan nenpòt pati nan tès natiralizasyon an nan premye entèvyou w la, yo pral refè tès la sèlman nan pati ou echwe a, ant 60 ak 90 jou apati dat ou fè premye entèvyou w la.

 

Pa gen okenn dispozisyon pinisyon si ou pa pase egzamen an; ou ka toujou yon LPR (Lawful Permanent Residency) epi ou kapab aplike ankò pou natiralizasyon alavni.

 


BARYÈ LANG

 

KESYON: Mwen pa pale anglè. Èske mwen kapab fè tès la nan lang matènèl mwen, oswa èske mwen kapab pran yon entèprèt avèk mwen?

 

Gen kèk egzanpsyon nan egzijans lang Anglè yo. Ou egzante si: 

      Ou gen omwen 50 ane epi ou genyen kat vèt (green card) ou pandan omwen 20 ane;

      Oswa, ou gen omwen 55 ane epi ou gen kat vèt (green card) ou pandan omwen 15 ane;

      Oswa, si w gen plis pase 65 ane epi w gen yon kat vèt (green card) pandan omwen 20 ane, ou egzante alafwa nan egzijans pou lang anglè epi w kalifye pou yon tès sivik ki pi senp.

 

Anplis, moun ki gen yon andikap fizik oswa nan devlòpman oswa yon pwoblèm mantal ka bezwen yon egzansyon nan egzijans lang anglè, tès sivik la, oswa toude (2). Nan pifò biwo USCIS yo, moun ki pa gen obligasyon pou li pale Anglè dwe pote pwòp entèprèt yo.

 

Si w pa kalifye pou egzansyon nan okenn lang epi ou vle aplike pou sitwayènte ameriken kounya, ou kapab ale nan yon òganizasyon lokal ki ka ede w pran leson anglè pou prepare w pou egzamen natiralizasyon ou a.

 


DOKIMAN

 

KESYON: Èske mwen ta dwe mete dokiman orijinal mwen yo nan aplikasyon mwen an oswa èske y ap aksèpte kopi yo?

Ou pa dwe voye dokiman orijinal ou yo bay USCIS. Ou kapab itilize kopi dokiman ou bezwen mete yo.

 

KESYON: Sètifika maryaj mwen an espanyòl.  Èske mwen bezwen mete yon tradiksyon?

Wi, w ap bezwen mete yon tradiksyon konplè epi ki sètifye pou nenpòt dokiman w ap voye ki pa an anglè.

 

KESYON: Kisa mwen ta dwe fè si mwen pa ka sonje dat ak adrès ansyen kote m te rete?

Fè tout sa ki posib pou fè lis dat yo ak adrès kote ou te rete pandan 5 ane ki sot pase la yo. Tcheke deklarasyon taks, dosye lekòl, ak lòt dokiman pou wè si ou kapab jwenn enfòmasyon sa yo. Si ou pa gen nimewo ri a, mete non ri a, vil la, ak eta, pa egzanp.

 


REPREZANTASYON LEGAL

 

KESYON: Èske mwen bezwen yon avoka pou m aplike pou sitwayènte ameriken?

 

Non, ou pa bezwen yon avoka pou ranpli aplikasyon natiralizasyon w lan. Sepandan, si w gen kesyon oswa enkyetid konsènan ka pa w la, ou ka vle konsilte yon avoka imigrasyon ANVAN ou soumèt yon aplikasyon.

 

Pa kite "notè" oswa magouyè twonpe w. Jwenn yon avoka imigrasyon ki gen bon repitasyon oswa yon pwofesyonèl sèvis legal nan iAmerica.org/legalhelp.

 


TAKS/DÈT/SIPÒ POU TIMOUN (CHILD SUPPORT)

 

KESYON: Mwen dwe taks nan IRS. Èske s ap anpeche m vin sitwayen ameriken?

Si ou dwe taks, ou OBLIJE montre ke ou genyen yon plan ranbousman nan Sèvis Revni Entèn (Internal Revenue Service, IRS) oswa eta oswa ajans lokal ki apwopriye a. Poutèt ou gen yon plan pèman ou pa diskalifye pou sa, men w ap bezwen pote prèv nan entèvyou pou montre ou anrèg ak ajou avèk plan pèman w lan.

 

KESYON: Mwen pa te ranpli yon deklarasyon taks. Èske mwen ka toujou aplike pou natiralizasyon?

Si ou PA te ranpli taks epi ou pa egzante pou ranpli taks, sa se yon krim epi li pral afekte aplikasyon natiralizasyon w lan. Asire w ke w ranpli taks ou ANVAN ou soumèt aplikasyon w lan epi/oswa pale ak yon avoka ki gen lisans. Remak: Se sèlman moun ki gen revni ki pi wo pase yon kantite kèlkonk ki bezwen ranpli yon deklarasyon taks. Si ou pa te ranpli yon deklarasyon taks paske revni ou pi piti pase montan sa, ou kapab aplike pou sitwayènte ameriken. Epitou sonje si, pandan moman ou te rezidan pèmanan legal (Lawful Permanent Resident) ou te ranpli yon deklarasyon taks kòm yon MOUN KI PA-REZIDAN, s ap afekte kalifikasyon ou. Ale kote yon avoka ki gen lisans.

 

KESYON: Mwen te peye Sipò pou Timoun (Child Support) jiska ane pase lè mwen te pèdi travay mwen. Mwen planifye pou m peye Sipò pou Timoun (Child Support) osito mwen jwenn yon travay. Èske mwen ka toujou aplike pou natiralizasyon?

USCIS ka reyalize ke se yon sitiyasyon ki pa grav lè l ap konsidere ke ou pa te peye Sipò pou Timoun (Child Support).  Kòm ou te deja peye Sipò pou Timoun (Child Support) epi ou sèlman sispann peye lè ou pèdi travay ou a, li posib pou sa se yon "sitiyasyon ki pa grav".

 


DOSYE KRIMINÈL

 

KESYON: Mwen te gen pwoblèm legal nan tribinal- mwen pa gen tan ale nan prizon, men yo anrejistre li. Ka a gen plis pase 10 ane. Èske yon ka konsa ap lakòz refi pou sitwayènte ameriken?

Sa depann de ka a Gen kèk krim, pa egzanp, kèk ki gen rapò ak dwòg, kote pa bezwen gen akizasyon oswa tan nan prizon pou diskalifye yon moun nan aplikasyon sitwayènte oswa rezidans. Ou ta dwe konsilte yon avoka imigrasyon oswa yon pwofesyonèl sèvis legal ki gen bon repitasyon.

 

KESYON: Sa gen dizan (10 ane) depi mwen te kondane pou vòl. Èske mwen kapab aplike pou natiralizasyon?

W ap bezwen konsilte yon avoka imigrasyon pou gade si w kalifye pou natiralizasyon.  Ou ta dwe jwenn yon kopi sètifye dosye kondanasyon an pou w pote pou avoka a revize.

 

KESYON: Kounya mwen sou pwobasyon pou vòl nan magazen. Èske mwen kapab aplike pou natiralizasyon?

Ou p ap kapab jwenn natiralizasyon si w sou pwobasyon nan moman entèvyou natiralizasyon ou an.

 


AVANTAJ APLIKASYON AN

 

KESYON: Poukisa mwen ta dwe aplike pou vin yon sitwayen ameriken?

Gen anpil rezon ki fè moun deside vin sitwayen ameriken, men youn nan sa ki pi enpòtan yo se vin yon sitwayen ameriken k ap pèmèt ou vote ak enfliyanse direksyon peyi a.  Yon lòt rezon pou vin yon sitwayen ameriken se poutèt natiralizasyon yon paran pèmèt yon timoun ki poko gen 18 an ki gen yon kat vèt (green card) epi k ap viv ak paran an vin yon sitwayen ameriken otomatikman.   Lòt rezon yo ki fè moun natiralize se pou yo vwayaje pi fasil, pou pèmèt plis manb nan fanmi yo rantre Ozetazini, pou yo kapab jwenn travay ki egzije  sitwayènte ameriken, epi pou yo viv san kè sote nenpòt lè ta ka gen depòtasyon.

 


  

Pou w jwenn plis resous, ale sou: iAmerica.org/citizenship