iAmerica Citizenship

Chemen Sitwayènte

Imigran yo se manm ki gen anpil valè nan kominote nou yo. Yo fè travay esansyèl ki sipòte fanmi nou yo ak kondwi ekonomi nou an, tankou bay swen pou moun nou renmen yo, asire nou gen manje nourisan sou tab nou yo ak etajè makèt nou yo, sekirize ak netwaye biwo nou yo ak ayewopò yo, epi kenbe kominote nou yo fonksyone. 

Plizyè milyon moun ap viv ak travay Ozetazini pandan plizyè ane, yo elve fanmi yo, yo louvri biznis yo, epi yo kontribye nan kominote nou yo ak ekonomi nou yo. Yo se Ameriken nan tout fason eksepte sou papye. Mete imigran ki pa gen papye yo sou chemen sitwayènte bon pou tout moun. Li ta kenbe fanmi yo ansanm, kreye travay, ogmante salè ak ranfòse ekonomi ameriken an.

Join nou nan mande pou Kongrè a bay yon chemen pou sitwayènte pou 11 milyon imigran san papye nan Amerik ki esansyèl pou kominote nou yo.

Line drawing of people with fists raised