Nikaragwa
TPS pou Nikaragwa fini, e moun ki gen TPS pa kapab kenbe TPS yo ak otorizasyon travay yo pandan defi legal kont desizyon administrasyon Trump la pou mete fen nan TPS Nikaragwa a ap kontinye.
Nan dat 9 fevriye 2026, Tribinal Apèl la bloke Desizyon tribinal federal de baz (distrikt) la ki te pèmèt benefisyè TPS ki soti Ondiras, Nikaragwa, ak Nepal kenbe TPS yo pandan pwosè a t ap kontinye.
Chèche Konsèy Legal
Li enpòtan pou moun ki gen TPS yo imedyatman chèche konsèy legal nan men yon avoka imigrasyon ou fè konfyans pou plis enfòmasyon sou sa a oswa nenpòt lòt soulajman imigrasyon ki ka disponib pou ou
- Moun ki gen TPS yo p ap kapab itilize pèmi travay TPS ki ekspire kòm prèv otorizasyon travay.
- Yon moun ki gen TPS ki te aplike pou lòt soulajman imigrasyon, pa egzanp azil, ka otorize pou travay sou baz yon lòt aplikasyon annatant, epi li ka bay prèv lòt fòm otorizasyon travay bay anplwayè yo.
- Si anplwayè ou mande, epi ou gen otorizasyon pou travay dapre yon lòt fòm soulajman imigrasyon, tankou yon demann azil ki an atant, ou ka montre yo pèmi travay ou dapre lòt soulajman imigrasyon an.
- Si yon sendika reprezante w, kontakte Reprezantan Inyon w la.
- Si yon sendika reprezante w, kontakte reprezantan sendika w la. Sendika w la ka negosye ak anplwayè w la pou yon konje san peye, yon peman pou revokasyon, oswa lòt benefis separasyon.
- Kontakte yon avoka imigrasyon ou fè konfyans imedyatman. Pran prekosyon nou ak "notè" oswa SCAMMERS. Jwenn yon founisè sèvis legal ki gen bon repitasyon toupre ou.
Nan dat 7 Jiyè 2025, defansè dwa yo te depoze yon kontestasyon kont desizyon administrasyon Trump la pou mete fen nan TPS pou Ondiras, Nikaragwa, ak Nepal nan Tribinal Distri Etazini pou Distri Nò Kalifòni. Nan 31 desanm 2025, yon tribinal distri federal nan Kalifòni "anile"/ ranvèse desizyon pou mete fen nan TPS pou Ondiras, Nikaragwa, ak Nepal. Sepandan, gouvènman an fè apèl kont desizyon sa a devan Nevyèm Tribinal Apèl Sikwi a, ki nan 9 fevriye 2026, "sispann"/ bloke Desizyon pozitif tribinal distri a. Sa vle di ke pandan apèl la ap tann, moun ki gen TPS ki soti nan Ondiras, Nepal, ak Nikaragwa pap gen pwoteksyon TPS ni otorizasyon travay ki gen rapò avè l.
Pwosè la ki mennen pa National TPS Alliance ak sèt moun kontinye, Alyans Nasyonal TPS kont Noem, 26-199 (9th Cir.). Plentif yo reprezante pa National Day Laborer Organizing Network (NDLON), Fondasyon ACLU Kalifòni Nò ak Kalifòni Sid, Center for Immigration Law and Policy (CILP) nan UCLA School of Law, ak Haitian Bridge Alliance.
Pwosè a ap kontinye epi plis detay ap disponib nan jou ak semèn k ap vini yo. Jij la poko pran yon desizyon final sou ka sa a. Yo ka toujou depoze demann azil.
Pran aksyon, epi fè tande vwa ou!
Vin jwenn nou nan batay la pou yon sistèm imigrasyon ki pi jis, ki pi imen, e ki pi annòd—yon sistèm ki kreye plis chemen legal pou imigran yo rete Ozetazini avèk yon chemen pou yo vin sitwayènte.