Nan dat 25 mas, otorite imigrasyon federal ki te maske te kidnape Rümeysa Öztürk, yon etidyan nan inivèsite Tufts epi yon manm sendika SEIU, nan lari piblik. Arestasyon li se yon atak klè sou libète lapawòl nou an. Rümeysa soti Tiki, li te gen yon viza etidyan valab, men yo te arete l epi mennen l nan yon sant detansyon nan Lwizyana. Poukisa? Paske li te fèk egzèse dwa li pou libète lapawòl dapre Premye Amannman an lè li te ekri yon atik opinyon nan jounal etidyan an pou sipòte pèp Palestin nan.
Nou p ap rete tann pandan y ap boule Premye Amannman an devan je nou. Epi nou sètènman p ap rete an silans pandan y ap kidnape travayè yo.
Montre solidarite ou lè w pataje afich sa a! Pibliye sou rezo sosyal yo avèk hashtag la. #4the1st epi etikèt @SEIULocal509.
